Keberson Elias se yon etidyan finisan nan Sosyoloji ki genyen yon diplòm nan Jesyon Resous Moun epi ki sètifye kòm AnimatèSoyal anndan kominote a. Konesans li nan sosyoloji ak jesyon moun fè l vin yon eleman santral nan RezoLakou, kote li okipe responsabilite jesyon kominote a avèk anpil angajman ak vizyon.
Kòm yon jèn vizyonè, Keberson vle kontribye dirèkteman nan pwogrè kominote Ayisyen an. L ap chèche konprann defi ak reyalite sosyete Ayisyèn nan, epi aji avèk konsyans pou pote solisyon ki kapab amelyore lavni kolektif la.
Travay li nan RezoLakou chita sou yon konviksyon klè: yon kominote ki ini, enklizif, ak byen òganize kapab tounen yon fòs transfòmasyon pozitif pou sosyete a. Avèk pasyon ak devouman li, Keberson Elias ap bati yon espas kote chak Ayisyen kapab dekouvri ak devlope valè yo ak potansyèl yo, jwenn sipò pou grandi, epi pote bonjan kontribisyon nan direksyon yon Ayiti ki pi jis, ki pi inifye, ak ki pi pwomèt.