Apwopo RezoLakou
Twòp rèv ayisyen ap mouri nan silans.
Yon etidyan fini etid li ak talan ak vizyon, men okenn pòt pa louvri pou li. Yon jèn antreprenè
ayisyen gen yon lide men li pa jwenn okenn sipò. Yon pwofesyonèl nan dyaspora swete pote
men, men li pa konnen ki kote pou l kòmanse.
Lè n gade alantou, kisa nou wè? Izòlman. Fristrasyon. Fragmantasyon. Potansyèl k ap
gaspiye.
Rasin Pwoblèm nan
Se pa paske nou manke entèlijans ni anbisyon. Se paske nou gaye.
Gaye an Ayiti. Gaye nan dyaspora. Chak moun ap lite pou kont li, pandan an reyalite, nou
toujou pi fò ansanm.
Se pou rezon sa RezoLakou egziste.
Yon Lakou pou Jenerasyon Nou an
Sitiyasyon sa yo fè n poze tèt nou kesyon: E si chak ayisyen vizyonè pa t janm oblije mache
pou kont li ankò?
E si te gen yon lakou menm jan ak lakou zansèt nou yo, (kote vwazen, fanmi, zanmi te konn
rasanble, pataje, sipòte youn lòt) men sètfwasi yon lakou dijital reyadapte pou jenerasyon pa
nou an?
Sou RezoLakou , pèsonn pa envizib.
Pwojè w la gen yon plas. Vwa w gen yon odyans. Ou kapab rankontre yon mentor ki konprann
batay ou, oswa yon lòt ayisyen lòt bò dlo k ap di w: “Mwen kwè nan ou. Ann fè l ansanm.
“
Sa a se plis pase yon aplikasyon. Se yon retou lakay. Yon retou nan valè nou prèske
pè
di yo: solidarite , kolaborasyon , ak konfyans youn nan lòt .
Misyon Nou
Misyon nou senp men pwofon: ini tout potansyèl Ayisyen, nenpòt kote yo ye.
Pa demen. Pa yon lòt jou. Men kounye a menm. Paske Ayiti pa ka pèmèt li kontinye pè
di pi bon
potansyèl li yo. Rezolakou egziste pou lè listwa ap gade jenerasyon sa a, li ka di: “Yo rebati
lakou a. Yo chwazi kominote olye izòlman . Yo chwazi lespwa olye reziyen.
“
E kounye a, se tou pa w.
Antre nan Lakou a
Paske vizyon ou merite plis pase silans — li merite yon kominote ki kwè nan ou, ki soutni ou, k
ap bati avè w.
Nou se AYISYEN nou se LAKOU!